Aprè plizyè mwa envestigasyon, oganizasyon entènasyonal foutbol FIFA pibliye desizyon li pran kont prezidan komite foutbol Ayisyen an Doktè Dadou Jean Bart.

Desizyon sa rezime an 6 pwen:

1. Mesye Yves Jean-Bart koupab pou vyolasyon atik 23 (Pwoteksyon fizik ak entegrite mantal) ak atik 25 (Abi de pozisyon) nan Kòd Etik FIFA, an relasyon ak zak asèlman seksyèl ak abi kont divès kalite jwè foutbòl fanm, ki gen ladan minè epitou abi pozisyon li kòm prezidan Fédération haïtienne de football (FHF) pandan peryòd soti 2014 pou rive 2020.

2. Yo entèdi Mesye Jean-Bart patisipe nan nenpòt kalite aktivite ki gen rapò ak foutbòl nan nivo nasyonal ak entènasyonal (administratif, espò oswa nenpòt lòt, pou lavi, a pati de moman notifikasyon sa, selon akò ak atik 7 lit. j ; nan Kòd FIFA Etik nan konjonksyon avèk atik 6 par. 2 lit. c) nan Kòd Disiplinè FIFA a.

3. Mesye Jean-Bart dwe peye yon amann nan kantite lajan CHF 1,000,000 (Dola swis fran) lespas 30 jou avi sou desizyon prezan an.

4. Mesye Jean-Bart dwe peye CHF 3000 ki se depans pou pwosedi sa yo nan lespas 30 jou.

5. Mesye Jean-Bart dwe peye depans pwòp defans legal li yo ak lòt depans ki fèt nan kad pwosedi legal sa yo.

6. Desizyon deja al jwenn Mesye Jean-Bart. Yon kopi desizyon al jwenn tou FHF, CONCACAF ak bay prezidan chanm envestigasyon komite etik FIFA a, Madam Maria Claudia Rojas.

Nap raple depi kèk mwa jounalis Romain Molina te chofe nan dosye envestigasyon sa e li te toujou optimis FIFA ap dekouvri la verite. Anpil moun an Ayiti ap plenyen depi kèk lane pou abi Dok Jean Bart ap fè sou ti medam yo men pèsonn pa janm pote yo sekou. Okontrè anpil jounalis te kampe avek solidarite pou fè pwopagand epi avili viktim yo. Dayè menm swadizan lajistis an Ayiti te blanchi Doktè Jean-Bart. Malerezman desizyon lajistis ayisyenn nan pa gen okenn pwa devan desizyon final FIFA a ki asireman irevokab e ki pratikman fèmen karyè Dadou Jean Bart nan foutbòl ak espò toupatou. Kounye a gran kesyon ki rete:
ESKE VIKTIM YO JWENN JISTIS?
ESKE LAJISTIS AN AYITI TE MENNEN YON ANKÈT APWOFONDI SOU DOSYE SA?