Aktivite yo poko janm ka reprann kab yo nan ba delma

Depi plis pase 3 semèn, ba delma se youn nan zòn nan kapital la ki an boulvès akòz gè ki genyen ant bandi ba delma ki gen nan tèt li ansyen polisye Jimmy Cherisier alyas Babekyou ak nèg belè. Yon sitiyasyon tansyon ki lakòz preske tout aktivite bloke nan zòn sila.

Trafik transpò piblik vin ra nan ba delma, de twa grenn kamyonèt ki parèt tèt yo nan maten, chaje aviyasyon pou rive kafou awopò, e kafou awopò pou rive aviyasyon oubyen kafou delma 18. Yo pa anpil, depil 6zè nan laprèmidi lap difisil anpil pou’n pa di enposib pou jwenn yon kamyonèt ba delma, yon opòtinite pou chofè moto ki double pri kous la.

Nan sa ki gen awè ak aktivite komèsyal nan ba delma, anpil gwo antrepriz pa travay tout lajounen, pou sak konsènen ti machann ki konn okipe twotwa yo, depi preske 3 semenn totwa yo blanch.

Nèg ak zam ap simen latwoublay ba delma sa ki lakoz anpil fanmi kite lakay yo, al refijye yo yon lot kote. Bri bal, barikad Tanzantan plonje tout abitan nan yon ekyetid pwofon. Pou lapenn, andan delma 10, gen yon kadav kap pouri depi preske yon semenn, chen nan katye a vin devore. Yon apel ak otorite konsènen pou leve kadav sila ki komanse ap dekonpoze nan mitan popilasyon an, e ki ka bay divès maladi ajoute sou tèt chaje malere ak malerèz zòn sila.