Nan dat 25 ak 26 fevriye 2025, Pòtoprens sot sibi yon seri atak nan katye Dèlma, espesyalman nan Dèlma 30 ak Dèlma 32. Bandi ame yo rive pran Dèlma 30 nan men fòs lòd yo : PNH, FADH, MSS. Sa ki te lakoz anpil viktim e ki te fòse anpil moun kouri kite zòn nan. Moun te boule vivan devan pitit yo, e moun te kouri san konnen kote pou yo ale.

Malgre 2 jou terè sa yo, popilasyon an poko tande okenn kominikasyon ofisyèl oswa mesaj radyo ki konfime prezans yon chèf nan tèt peyi a. Sa grav anpil. Sa a soulve yon kesyon enpòtan: èske peyi a gen yon lidè ki ka pran desizyon difisil pou pwoteje sitwayen yo?

Dèlma 32: Yon pwen kle nan batay la

Dèlma 32 se katye ki gen plis moun nan komin nan. Li se yon pwen estratejik nan batay kont bandi yo. Pèdi Dèlma 32 ap gen konsekans grav.

Popilasyon Dèlma 32 komanse ap kite. Bandi yo gen tan pran Dèlma 30.
Nou pa ka pèdi Dèlma 32 tankou Solino pou *enkonpetans* . Menm jan pèdi Kafou Fèy te mennen pèdi tout Lavil la , menm jan pèdi Solino te vle di pèdi Wout Aeropò, Nazon, avni Poupla, Fò Nasyonal ak Pòs Machan pèdi Delma 32 se pèdi Kriswa, Boudon, wo Dèlma ak Petyon-Vil. Dèlma 32 se dènye verou a.

Yon egzanp istorik

Nan lagè gen sa yo rele yon “tournant” ki se moman bagay yo pran yon lòt direksyon. Pandan dezyèm gè mondyal la “tournant* an se te Moscou. Popilasyon a ak tout dirijan yo te komanse ap sove kite vil la pou Alman yo. Staline ki te chèf Larisi sovyetik nan moman an te gen tan nan tren pou kite Moscou tankou pi fò lòt dirijan yo. Epi li chanje lide. Li di non, l ap kanpe goumen. Eben se desizyon saa ki mennen defèt Alman yo. Alman yo pa rive pran Moscou malgré yo te gen plis zam. Van an komanse vire devan Moscou.

Kote chèf pa nou ?

Peyi a bezwen yon chèf ki ka:
Mete Direktè Jeneral Polis la ozòd epi fè li goumen ak sa li gen nan men li. An atandan !
Fè l sispann okipe koze politik pou okipe sa k enterese peyi a : *goumen*.

Peyi a bezwen yon chèf ki ka di se pa mwayen lapolis manke men estrateji etamajò a pa genyen.
Lapolis gen twòp mwayen pou l komanse goumen.
Bandi yo gen fizi lapolis gen fizi.
Menm si Lapolis manke blende li gen 2 ou 3 kan menm aloske bandi yo pa gen blende ditou. Se pa ak blende Viv Ansanm ap pran Potoprens.
Se pa pou plis zam non plis bandi yo jiska prezan ap genyen lagè a. Manti !
Y ap genyen paske yo gen yon estrateji aloske PNH ak FADH pa genyen. Bandi yo gen yon etamajò solid kote sa y ap fè se li y ap okipe aloske anfas yo se yon etamajò enkonpetan ki plis ap fè politik, ki nan tout koze sòf lagè.

Peyi a bezwen yon chèf ki ka itilize pi gwo avantaj Leta gen sou gang yo : Pèp la.
Gen anpil polisye ak solda ki vle goumen. Gen anpil ki bay lavi yo nan batay la deja. Men podyab yo pa gen yon etamajò ki konn sa pou l fè.
Pawòl la di w pa gen move solda gen move jeneral.

Peyi a bezwen yon chèf ki pou san pèdi tan fè PNH ak FADH tounen yon vre lame. Etamajò ki la a nil. Politik ase y ap fè.

Peyi a bezwen yon chef ki pou di MSS se pou goumen ou te vini isit, se pa pou touris. Se sa ou se pa sa.

Peyi a bezwen yon chèf ki ka gade blan an nan je epi di l les 4 verite.

Peyi a bezwen yon chèf ki ka di etamajò a afè pa gen mwayen a se pretèks kreten. N ap frenk komanse goumen ak sa k nan men nou.

Peyi a bezwen yon chèf ki pou ekzije direktè polis ak jeneral lame yon plan batay paske yo pa genyen. Yon plan ki dwe chita an atandan sou mwayen ki disponib. Se konsa sa dwe fèt.
Wi ! N ap pèdi kapital la paske mesye yo pap regle anyen, yo pa gen okenn plan batay. Se sa l ye.
Polisye ak solda nou yo vle goumen. Mete moun ki kapab nan tèt yo epi na sezi wè rezilta.

Peyi a bezwen yon chèf ki pare pou mouri pou li.
Anyen ankò.

 

Michel Legros
Sitwayen pou Respè Konstitisyon
sitwayenpourespekonstitisyon@gmail.com

1 comment