Brian Nichols gen difikilte pou l eksplike estati PM Ariel Henry devan kongrè Ameriken an (Transcript)

Ø Rep. Andy Levine : Nan sesyon sa ki vrèman enpotan, mesye Nichols kitem pozew premye kesyon sa sou politik Etazini an Ayiti. Premyèman eskew ka eklere komite a sou kiyès moun peyi Etazini konsidere jodi a kòm ofisyèl yo ka chita pale an Ayiti ?

 

Ø Brian Nichols : Aktyèlman nap travay ak manb sosyete sivil la an Ayiti pou nou ankouraje yon solisyon ki chita sou enklizyon pou fè faskare ak gwo pwoblèm politik yo an Ayiti.

Ø Rep. Andy Levine : Ok. Èske Etazini toujou konsidere Ariel Henri kòm yon ofisyèl gouvènman Ayiti yo ka chita pale?

Ø Brian Nichols : Wi, sètènman li se youn nan yo.

Ø Rep. Andy Levine : Ok, li se youn nan yo. Èskew ka eksplike sou ki baz gouvènman peyi Etazini konsidere Ariel Henri kòm yon ofisyèl ki gen lejitimite pou pale nan non gouvènman Ayisyen?

Ø Brian Nichols : Sistèm politik Ayiti a te rantre nan inkonstitisyonalite depi kèk lane. Manda konstitisyonèl yo te depase limit yo. Epi ansyen prezidan Jovenel mouri asasinen avan li te rive enstale yon premye minis. Se Ariel Henri prezidan an te nome men li potko enstale. Li reprezante gouvènman an.

Ø Rep. Andy Levine : Mwen panse tout gouvènman an enkonstitisyonèl. Tan an fè nou lagè map eseye fokis sou sa ki pi enpòtan yo. Rapò ki soti nan jounal New York Times bay anpil detay sou plan krininèl epi montre te gen bon jan kalite relasyon ant Ariel Henri ak Joseph Felix Badio, ak yon ansyen ofisyèl ayisyen ke lajistis ap chache pou enplikasyon prezime li nan planifikasyon asasninay ansyen prezidan defakto Jovenel Moise. Revelasyon New York Times yo fè anpil sans epi yo parèt kredib tou paske yo bay anpil detay sou apèl telefonik ki te fèt ant Felix Badio ak Ariel Henri avan ak apre asasinay la. Poukisa peyi Etazini ta konsidere yon moum ki sispèk epi enplike nan asasinay mesye Moise kèm yon patnè pou peyi etatzini ?

Ø Rep. Andy Levine : San nou pa entèfere nan ankèt kap fèt sou dosye asasinay ansyen prezidan Moise, gen yon pati nan envestigasyon an ki anba kontwòl otorite lajistis nan peyi Ayiti sou zak ki te pase an Ayiti epi depatman jistis Etazini ap travay sou bò pal sou lòt zak ki te fèt nan peyi Etazini. Kidonk map referew ak depatman jistis ki kapab bay plis enfòmasyon. Mwen pa rive jween enfòmasyon ditou ki ta montre premye minis Henri ta rive tranpe nan asasinay sa.

Ø Rep. Andy Levine : Nan ki kondisyon peyi Etazini ta finalman deside koupe afche ak mesye Henri si li ta rive enkilpe ? Ki moun peyi Etazini ta kapab sipòte si Ariel Henri ta tonbe anba gwo desizyon lajistis ?

Ø Brian Nichols : Nap konsidere sa yo tankou pwobabilite. Men jan mwen te di sa deja kelkeswa moun ki enplike nan asasinay malonèt ansyen prezidan Moise komèt yon gwo krim ki gen enplikasyon ak jistis entènasyonal paske pèp aysisyen dwe jwenn repons ak jistis nan dosye kriminèl sa.

Ø Rep. Andy Levine : Mwen totalman dakò avèw. Mwen panse li enpòtan poun ta gade anpil lòt bèl travay kap fèt nan mitan sosyete ayisyèn nan. Nan remak Chairman nan te fè nan koumansman rankont jodi a li te fè referans ak travay sa yo ki kapab pèmèt yo rive ak yon gouvènman tranzisyon pou retounen nan nomalite demokrasi a. Nou kapab site komisyon pou yon solisyon ayisyen ak kriz politik la ke yo rele Akò Montana. Eske Etazini dispoze travay ak Akò Montana pou sipòte pwojè yon gouvènman lejitim, estabilite ak yon pouvwa tranzisyon ? Nan ka sa Etazini gen anpil travay pou li fè pou ranfòse Akò Montana a. Egzanp, Akò Montana pat resevwa envitasyon pou patisipe nan somè demokrasi (democracy summit) kote te gen echanj enfòmasyon sou demokrasi.

Rep. Andy Levine

Ø Brian Nichols : Mèsi. Mwen te rankontre ak manb Akò Montana a lèm te an Ayiti nan mwa Oktòb pase. Mwen te rankontre ak yo ankò nan yon rankont vityèl nan anbasad Etazini nan Pòtoprens epi nou gen kontak tout tan ak yo. Yo gen yon gwo travay yap fè pou avni demokrasi an Ayiti. Nap kontinye rete an kontak ak yo ak tout lòt aktè ki sou sèn politik la.

3 Fevriye 2022