PWOPOZYON SITWAYEN POU SOTI NAN KRIZ LA: PCSC «PAC ak Alye li yo»

PWOPOZYON SITWAYEN POU SOTI NAN KRIZ LA: PCSC «PAC ak Alye li yo»
Pòtoprens, Ayiti
Miami, Florida USA
Boston Massachusetts USA
Atlanta GA USA
Chicago Illinois USA
Harrisburg PA USA
Santo domingo, RD

10 Mas 2024
220yèm ane endepandans Repiblik Ayiti
Libète – Egalite – Fratènite

Preanbil
Peyi a pap dirije; sa a se konsta evidan tout obsèvatè ki avize sou kriz nasyonal kap travèse sosyete ayisyèn lan. Ensekirite ak enstabilite politik anjandre yon sitiyasyon kawotik sou plan sosyal, politik ak ekonomik. Pa gen dispozisyon konstitisyonèl klè ki ta ka sèvi kòm tranplen pou debloke kriz politik ak enstitisyonèl la, puiske nou kite kad legal la depi kèk tan. Sitiyasyon inik sa a mande yon aksyon sitwayen ak yon lespri konpwomi patriyotik ki ka pèmèt nou evite sa ki pi mal.
Pwopozisyon sitwayen sa a pou sòti nan kriz la konsidere eleman fondamantal gouvènans piblik ak enplikasyon aktè sosyal, politik ak ekonomik yo. Pwopozisyon sa a tou pran an kont sipò diplomatik ak ekspètiz kominote entènasyonal la.
• Chwa konsète yon (1) Prezidan Repiblik la ki ap soti nan Lakou Kasasyon oswa yon Konsèy
Prezidansyèl ki gen twa (3) manm ki gen ladann yon reprezantan Lakou Kasasyon, yon
reprezantan Sosyete Sivil la ak yon reprezantan Dyaspora.

I – GOUVENANS PIBLIK
• Nominasyon yon (1) Premye Minis ak yon gouvènman ki gen 15 manm.
Elaborasyon yon plan ak yon ajanda politik ki gen objektif ki klèman idantifye ki dwe mennen nan renouvèlman pèsonèl politik pouvwa leta yo atravè òganizasyon eleksyon lib e demokratik pi vit posib.

Deziyasyon manm pou fòme nouvo Konsèy Elektoral Pwovizwa a.
Kreyasyon yon KOMISYON NASYONAL FASILITASYON, ki konpoze de sèt (7) manm ki gen yon sèl misyon pou asire respè tout prensip ki tabli pandan peryòd tranzisyon an.
Komisyon sa ap gen de (2) reprezantan klas politik la, de (2) jij Lakou Kasasyon, youn (1)
reprezantan dyaspora ayisyen an, de (2) reprezantan sosyete sivil la. Li ap gen pou bay opinyon konsiltatif sou jesyon politik ak administratif gouvènman tranzisyon an.
Delimitasyon yon manda espesifik pou tranzisyon an ki ap dire 15 mwa.
Òganizasyon pwosè PetroCaribe ak pwosè Jovenel Moise.

Enplikasyon ak vòt dyaspora ayisyèn lan.
II – SEKIRITE NASYONAL
Nominasyon yon nouvo kòmandan an chèf ak remaniman nan chèn kòmandman Polis Nasyonal
Dayiti a.
Ranfòsman enstitisyonèl, teknik ak operasyonèl Polis Nasyonal Dayiti.
Elaborasyon ak aplikasyon yon pwogram dezameman nasyonal
Elaborasyon ak aplikasyon yon pwogram reentegrasyon sosyal pou manm gang ame ki te dakò
depoze zam yo (fòmasyon pwofesyonèl, sipò sosyal, kredi pou envestisman, pwogram
demenajman ak lojman sosyal, sipèvizyon ak sipò sikolojik, elatriye).
Apre dat limit dezameman nasyonal la, lansman pwogram “ZERO TOLERANS”.

III – PWOGRAM APEZMAN SOSYAL
Pwogram apezman sosyal la vize retabli lòd legal, lapè piblik ak estabilite sosyal nan klas travayè
ak katye defavorize yo. Pa ka gen yon tranzisyon politik efikas san yo pa pran an kont sitiyasyon
sosyal ak ekonomik nefas popilasyon an nan katye klas travayè ki majinalize yo.
Kreyasyon komite katye pou travay sou prezantasyon bezwen ak revandikasyon popilè yo.
Relansman gwo pwojè Leta yo ak kreyasyon travay.
Sipò sosyal ak sipò sikolojik pou viktim ka kidnaping.

-FEN-

SIYATÈ AKÒ 15 SEPTANM 2021
(propositioncitoyenne.com):

Òganizasyon politik yo:
PAC (www.pachaiti.com)
ROCH
FREM
MUDHAH
KONBIT POU SOVE AYITI (KONSA)
RENAGH
FOS NIP
SOLISYON AYISYEN VIKTIM (SAV)

Òganizasyon sosyal yo:
AYITI DEMAIN
DEBOUT JEUNESSE
MAN (MINORITY ACTION NETWORK)
DAC (DIASPORA ACTION COMMITTEE)
VWA POPILE
BAZ KAFOU
BAZ 28
NOU KONSYAN
ASOSYASON FANM POU LAVI (ASOFAL)
INITIATIVE DE SOCIETE CIVILE DU GRAND SUD
PLATFOM OGANIZASYON SOSYAL POU EMEJANS KOMINN DISID
INISYATIV FANM ANGAJE DISID
MOUVMAN JEN PLANTE DI DISID
MOUVMAN LIDE DISID
JENES KE PWOP
REGROUPEMENT DES PASTEURS DES EGLISES PROTESTATNTES DU SUD
JADEN

 

Pou otantifikasyon:

KOMITE EGZEKITIF PILOTAJ LA:

Macsonne POLYTE, Coord. Gnl. (MUDHAH)

Moise GARÇON, Coord. Gnl. Adj. (PCSC)

Ciné WILFORD, Sec. Gnl. (KONSA)

Jean-Baptiste NASCAL, Sec. Gnl. Adj. (BAZ KAFOU)

Dorvil Paul JACQUES, Resp. des Finances (RENAGH)

Dr. Bobb ROUSSEAU, Resp. Rel. Intles

Evens TOUSSAINT, Conseiller Politique (ROCH)

Francillon VRONSKY, Conseil Spécial (AUH-PCSC)

Marc Wood PIERRE, Conseiller Juridique (PCSC)

Gary CASIMIR, Membre (NAPL)

Réginald EXEANT, Membre (FOS NIP)

Djimsline TONTON, Membre (SOFAL)

Hortense FRANCOIS, Membre (PAC)

PCSC: PROPOSITION CITOYENNE POUR UNE SORTIE DE CRISE
Ce collectif a été crée le 25 septembre 2021 et l’accord proposé regroupe une vingtaine de partis politiques et plus d’une trentaine d’organisations de la société civile ou de la diaspora. l’ Acccord de principe a été signé par plus de 10500 haitiens en Haiti et en ligne. Pour de plus amples informations, visitez notre site internet: https://propositioncitoyenne.com/