Personnages :
Patoutou – infirmière de formation et chauffeuse de camion par nécessité, débrouillarde, fière
Tito Planta – son ami fidèle, un bricoleur philosophe
Machann Liv (Libraire) – passionné(e) par les langues
Client(e) – un(e) autre client(e)
Voix Radio – annonce les nouvelles
Scène 1 – Sur la route, dans le camion de Patoutou
(Patoutou, une femme robuste au regard déterminé, conduit son camion avec assurance. Elle chante à tue-tête en créole.)
Patoutou (chantant): Africa Frica OOO! Africa Frica!
(Elle allume la radio pendant qu’elle conduit.)
Radio : …et selon les dernières nouvelles, le président Trump a déclaré que tous les chauffeurs de camion devront parler anglais s’ils veulent conserver leur emploi…
(Elle fronce les sourcils, ralentit un peu.)
Patoutou : Ah bon? Se pa jwèt! Mwen se nurse, kounye a m’ap kondwi kamyon pou mwen fè extra money, sa’m tande la. Si se Anglè yo vle, m’ap ba yo sa. Se pa Anglè ki pral mete’m ajenou!
Scène 2 – À la librairie de quartier
(Patoutou entre dans une petite librairie remplie de livres. Elle est en salopette, les mains encore tachées de cambouis.)
Machann Liv : Bonjour madame ! Je peux vous aider ?
Patoutou : M’ap chèche yon liv pou aprann Anglè. Younn ki senp, pou mounn ki pa janm ale lekòl Ozetazini.
Client : (curieuse) C’est vrai cette histoire ? Ils obligent les chauffeurs à parler anglais maintenant ?
Patoutou : Wi. Mwen pa gen tan pou plenyen. Se tan pou aprann. Mwen se fanm k’ap lite.
Machann Liv : Vous avez de la chance. Ce livre ESL est parfait. Dialogues de la vie quotidienne, exercices audio, et très visuel.
(Patoutou feuillette le livre, hoche la tête, puis sort de l’argent.)
Patoutou : M’ap pran de. Younn pou mwen, youn pou zanmi’m Tito Planta. Li toujou ap di li pa bezwen Anglè… men kounye ya li nan cho, si’l di ay konnen se yon bèt ki mòde’l. Nomm sa wa djòlè pa’w.
Scène 3 – Chez Tito Planta, sous un manguier
(Tito Planta, en débardeur, répare un vieux ventilateur. Il lève les yeux quand Patoutou entre avec un sac.)
Patoutou : Tito Planta! Men kado ou. Pa gen eskiz ankò!
Tito Planta : Yon liv Anglè? Poukisa? M’pa bezwen sa, non?
Patoutou : Se pa jis pou’w pale. Se pou’w konprann mond lan ap chanje fòk ou fè efó pou’w pale Anglè.
Tito Planta (rire): M’pa janm kite vil la. Sa’m pral fè ak Anglè? Epi tou mwen pale Francè
Patoutou : Francè, Francè, ou pale Francè, ou serye, ki Francè, eske se Francè intèkondinantal, ou komik anpil.
Tito Planta: Wi je pale Francè
Patoutou: Mezanni ro, wow. Tale wa di ou ekri li tou. Antouka, jodi a ou la, men demen ou pa konn kote’w va ye. E si’w gen yon kontrat pou tradui? E si’w vle monte yon biznis?
(Pause. Tito Planta panse.)
Tito Planta (calmement): Ou gen rezon ou wi Patoutou, lótre Jou mwen tande zanmi ou ya, Ti Gui k’ap fè yon interview ak yon dame, Ti Gui di Dame nan “Close your mouth to the microphone”. Dame nan tèlman cezi li pantan.
Se vre wi Patoutou fók nou aprann Anglè ya vre wi, surtou pou mounn ki nan media nan radio, sa ap bon ampil wi.
(Ils s’installent sur une nat. Patoutou ouvre le livre.)
Patoutou : “A” se pou “Apple”… repete apre mwen…
Tito Planta: “A” ka pou Africa tou wi
Scène 4 – Quelques semaines plus tard, sur une aire de repos pour camionneurs
(Patoutou est en uniforme propre avec un badge de “Nurse & Truck Services LLC”. Elle discute avec un chauffeur américain pendant que Tito Planta nettoie le pare-brise.)
Chauffeur américain : Where y’all headed?
Patoutou (souriante) : We go to Atlanta. We drive and we heal. I’m a nurse and a trucker.
Tito Planta : And she teaches me English too. She tough, but she good!
(Ils rient ensemble pendant que le soleil se couche derrière le camion.)
VOIX OFF (Patoutou, en pensée) : Tout moun gen dwa pou gen rèv ak vizion. Pa kite lang mete baryè sou chimen nou. Pa kite la pèréz fé’w dèyè ap gade san bouge. Edukation se limyè an nou ale Lekòl, an nou aprann ansanm ansanm nou va kreye yon komunote djanm, kote tout mounn va konn dwa yo ak devwa yo pou Haiti, epi diaspora nou yo a gen plus valè nan mond la.
– FIN –
Mr Ge