Mizik kòm instriman kominikasyon ak koneksyon popilè

Li pi fasil pou n memorize mo ke n tande nan on mizik ke lè n li yo nan liv oubyen nan on atik jounal. Dayè gen plis moun ki tande mizik ke gen moun ki li. M pa konn pou ki rezon men so on verite absoli.

Mwen se Bobb Rousseau. Nan atik sa m pral pale n sou kijan nou mem atis nou ka itilize mizik kom on zouti kominikasyon pou n lanse nenpòt mouvman sosyabilizasyon, sansibilizasyon politik ak edikasyon sivik.

Mizik pa ta dwe selman on mwayen atis itilize pou ede fanatik défoule l oubyen blye estress li. Nou mem atis nou ka itilize l tou pou n ka gaye ideyoloji politik, pou n edike pèp la sou dwa l ak devwa w e pou n infòme pèp la sou kijan gouvènman ap fonksyone. Nou wè m pa di fanatik, m di pèp paske nou tout, illetre ou intelektyèl, kretyen ou vodouyizan, rich ou pov, tande mizik.

Mizik gen kapasite pou l kominike lide yon fason efikas, li se on bon instriman pou kominikasyon politik. Kelkeswa nivo w, ke w nan politik ou pa, ke w se kandida oubyen votan, mizik ka kenbe w infome sou tout sak pase nan peyi a e mem nan mond la. Mizik se yon bon zouti pou fè lide avanse nan sosyete a ak pou konekte moun ak ideyoloji. Nou ka sèvi ak li pou chanje konpotman, pou insite pèp pran aksyon, pou kreye ak ranfòse yon sans idantite kolektif. Li pa selman on mwayen pou n kenbe fanatik an alèn lè yo nan manifestasyon.

Imajine on mizik ki ta va esplike popilasyon an kijan pou l vote e poukisa pou l vote. Imajine on mizik ki ta esplike pèp la wòl li an tan ke sitwayen e devwa l anvè kominote pa l la. Imajine on mizik ki ta va esplike pèp la esansyèl konstitisyon an espesyalman kijan pou Leta garanti ak respekte dwa fondamantal li. Si mizik sa yo tap fèt an videyo mem, se tap on doub enpak. Non selman moun yo tap tande mo yo, atis yo te va tou itilize videyo yo kom on bilbòd pou yo fè nenpòt ki mesaj pase. Tankou, kenbe lari a pwop, pa vote a vant nou, an n kole zepòl pou fè peyi a vanse, #kotekobpetrocaribea, etc.

Mem si on mizik pa a karaktè edikatif, li ka kontribiye nan mouvman sensibilizasyon an tou. Pa egzamp, nan videyo yo, dansè yo ka pote mayo ak pankat ki pale de on problèm sosyal ou de on mouvan ki bezwen sipò kominotè. M ret kwè ke chak konsè ak espetak ta dwe gen bilbòd ak banyè kap délivre bon mesaj edikasyon sivik ak patisipasyon politik bay fanatik kap pran plezi yo ak moun kap gade yo sou telefòn yo.

Men, pandan ke nou ka itilize mizik kom on mwayen de kominikasyon e de koneksyon popilè, nap asire n tou ke politisyen yo pa itilize nou mem atis pou yo fè pase ajenda pèsonel yo. Se pou sa, m propoze fòmasyon on ògan moun ki pa atis ak mizysyen ki pou ta kontrole mesaj politik, sosyal ak edikatif ke atis yo ap sipòte pou atis yo pa vinn tounen ajan maketin politik. Li enpòtan pou nou fè mizik nou yo rive sou tout moun san esepsyon. M pa di pou atis yo vinn tounen on ajan devlopman oubyen aktivis politik, men m ret kwe ke pèp la bay atis yo plis valè ke ekriven yo ak jounalis yo.

Kidonk, an n edike pèp nou atravè mizik.

Dr. Bobb RJJF Rousseau