𝐊è𝐤 𝐞𝐤𝐥è𝐬𝐢𝐬𝐦𝐚𝐧 𝐬𝐨𝐮 𝐬𝐢𝐣è ò𝐝𝐢𝐧𝐚𝐬𝐲𝐨𝐧 𝐄𝐯è𝐤 𝐆𝐫𝐞𝐠𝐨𝐫𝐲 𝐓𝐨𝐮𝐬𝐬𝐚𝐢𝐧𝐭

Aprè òdinasyon Evèk Gregory Toussaint an, mwen te pran yon titan pou mwen pakouri rezo sosyal yo, mwen wè anpil piblikasyon fèt. Gen moun ki pale byen de saki fèt la konsa tou gen moun ki kritike saki fèt la. Banm soulinye kèk pwen enpòtan ke nou dwe byen konprann.

▪︎𝐌𝐨 𝐁𝐢𝐬𝐡𝐨𝐩 𝐚𝐯è𝐤 𝐦𝐨 𝐄𝐯è𝐤 𝐥𝐚
Anpil moun gen problèm paske yo di Evèk Gregory Toussaint, men yo pagen problem si yo di BISHOP Gregory Toussaint. Pou otan se jis yon diferans de lang, paske mo Evèk la se li menm ki tradwi mo BISHOP la nan lang anglè a. Mwen menm arive wè yon byen eme ki poste ki di kesyon Evèk la sepou legliz katolik. Rapid mwen kouri nan Bib mwen an lèm wè tèks sa mwen di ta sanble mwen menm avèk li pa gen menm Bib. Map mete tèks la nan lang Franse a poum ka jwenn vrè sans li.
“𝐀𝐜𝐭𝐞𝐬 𝟐𝟎:𝟐𝟖 : Prenez donc garde à vous-mêmes, et à tout le troupeau sur lequel le Saint Esprit vous a établis évêques, pour paître l’Église du Seigneur, qu’il s’est acquise par son propre sang”.

▪︎Definisyon mo Evèk la : Map metel an franse:”Évêque : Dignitaire de l’ordre le plus élevé de la prêtrise chrétienne”.

▪︎𝐀𝐧𝐧 𝐩𝐚𝐥𝐞 𝐬𝐨𝐮 rad 𝐤𝐢𝐭𝐞 𝐬𝐨𝐮 𝟐 zò𝐦 𝐝𝐞 𝐃𝐲𝐞 𝐲𝐨 🙂
Anpil pale fèt sou kesyon rad 2 zòm de Dye yo, gen sa ki di se bagay masonlòj kap regle, mwen wè yon pòs ki di ann fè levanjil senp labib mande nou an. Epi rapidman mwen kouri nan Bib pam nan mal gade pou premye fwa lè Bondye tap preskri rad pou moun ki nan sasèdòs la koman li te dekril. Epim jwenn tèks sa map rezime pou ou, ou menm wa lil. Men sa Bondye te mande :

𝐄𝐊𝐙Ò𝐃 𝟐𝟖 : D𝐞𝐬𝐤𝐫𝐢𝐩𝐬𝐲𝐨𝐧 𝐯è𝐭𝐦𝐚𝐧 𝐬𝐚𝐬è𝐝ò𝐬 𝐥𝐚
▪︎Pektoral: 12 ròch ( plizyè koulè )
▪︎Efod: 12 ròch ( ki reprezante 12 tribi Izrayèl)
▪︎Yon tya ( yon ti bonèt )
▪︎Yon senti
▪︎Irim et thummim
▪︎Plizyè klòch ak grenad
▪︎Franj plizyè koulè
▪︎2 bag
Map site selman sa yo….

Donk si nap vreman aplike sasèdòs la jan’l ye a, gen anpil bagay kap aplike. Nan sasèdòs levitik la yo te menm konn mete san sou 2 zòtèy , 2 pous, nan zorèy sakrifikatè a. Mwen pap avanse pi lwen nan pati sa.

Nou dwe note:
Youn nan bagay nou dwe konnen, Izrayèl toujou kenbe majorite rityel sasèdotal li yo. Jan nou konnenl yo toujou ap tann Mesi a. Men nou pa dwe inyore se pèp chwazi Bondye, selon anpil referans biblik. Daprè remak kem fè lakay afriken yo, sevre yo kwè Jezi se sèl sovè, pagen lòt chemin ou ka pase pou al jwenn papa ke Jezi. Men yo toujou gen respè pou Izrayèl, yo toujou respekte kesyon rityèl yo, e menm aplike yo.

Pa ekzanp nan legliz Afriken wap toujou remake drapo peyi yo men osi drapo Izrayèl nan biwo òm de Dye yo wap toujou jwenn senbòl 7 Chandelye dò a, wap remake yo toujou priye avèk Talith ki gen senbòl Chandelye yo ladanl e etwal David la. Gen òm de Dye ki arive al chèche plant aromat pou yo fè lwil onksyon jan Bondye te preskri Moyiz li a. Donk yo atache anpil avèk kilti Izrayèl la. Yo kwè nan senbòl anpil. E se rezon sa ki fè nan moman nap pale la se afrik ki gen monopol révèy la. Yo respekte Izrayèl se yon pèp chwazi.

𝐒𝐚𝐰 𝐝𝐰𝐞 𝐤𝐨𝐧𝐧𝐞𝐧
Nan koutim Afrik la lè yo ap fè seremoni òdinasyon yo itilize anpil senbòl, yo gen anpil rityèl. E pa yo a vreman diferan avèk pa nou an. Ekzanp: nan seremoni yo, yo itilize:

▪︎𝐑𝐚𝐝 : Yo utilize rad sasèdòs la jan li dekri nan bib la.

▪︎𝐁𝐚𝐠 : Yo itilize yon bag ki se senbòl alyans ke moun kap òdone a fè avèk Bondye. Koulè bag yo, chak genyen yon sinifikasyon. Menm jan lèw ap li nan EKZÒD 28 la bondye vrèman mete aksan sou koulè, sitou koulè pyè kap nan pektoral sakrifikatè a. Moun ki etidye sasèdòs nan profondè konnen sinifikasyon koulè sa yo byen. Afriken yo itilize koulè pyè sa yo pou yo mete nan bag ke moun kap òdone a pote.

▪︎𝐄𝐩𝐞 : yo bali yon epe ki fèl konnen depiw antre nan kesyon ministè se nan yon konba ou antre. Menm jan jezi di mwen pa vini pote lapè men lagè.

𝐘𝐨𝐧 𝐤ò𝐧 : pou kesyon kòn nan sim ta pran explike m pap fini , men map jis fèw konnen ke pou jwenn yon kòn yon animo, ou dwe tiyel. Se senbòl brizman: map jis mete vèsè sa pou nou en fransè poum ka jwenn vrè sans sam vle di a 《𝟏 𝐒𝐚𝐦𝐮𝐞𝐥 𝟏𝟔:𝟏) : L’Éternel dit à Samuel: Quand cesseras-tu de pleurer sur Saül? Je l’ai rejeté, afin qu’il ne règne plus sur Israël. Remplis ta corne d’huile, et va; je t’enverrai chez Isaï, Bethléhémite, car j’ai vu parmi ses fils celui que je désire pour roi. 》

▪︎𝐁𝐢𝐛 : li resevwa yon bib , ki vle di kel pa dwe janm élwanye de pawòl la. Ni fè anyen ki pa nan pawòl la.

▪︎𝐒𝐢𝐲 : menm siy ki nan drapo Izrayèl se li masonlòj yo itilize tou. Yo menm yo itilizel sapa vle di otomatikman se siy pa masonlòj la. E siy sa sinifi etwal de David, yo metel sou anpil bagay. Kisa etwal David la ye

《 Lòske Roi Saul tap kouri dèyè David , David te rantre nan yon Gwòt nan yon Kavènn poul tal kache , Saul te enfòme ke se la David te Ye , Saul ale la poul al chèche David , epi BONDYE te itilize yon Arenye poul te bare David avek fil li , avek Nich li . Epi se te yon etwal 5 pwent fòm nich Arenye a te Ye , Depi lè sa David konsidere etwal 5 pwent lan siyifi etwal de pwoteksyon e de viktwa. Esak fè tout Jwif mete nan Talith yo yon etwal 5 pwent ki vle di etwal de David etwal de viktwa etwal de pwoteksyon. 》

𝐒𝐚 𝐦𝐰𝐞𝐧 𝐤𝐨𝐧𝐬𝐭𝐚𝐭𝐞
Mwen arive konstate ke nou vle atribye tout bagay avèk satan, San nou pa konnen ke pagen anyen ou wè ke satan fè ke se pa kote bondye li kopyel. Bib la di li se kontrefaktè. Nou paka pran tout rityèl nou yo atribye yo ak masonlòj, ak moun kap sèvi dyab. Non, sa pa kafèt. Sasèdòs la ap toujou rete yon bagay ki sakre kigen anpil rityel. Sispann di bag sa se bag masonlòj, rad sa se rad masonlòj, siy sa se siy masonlòj. Jezi gen de seri bagay li te konn apfè pran kache mete labou brase yo ansanm pou fè avèg wè, bon koze sentsèn nan se yon rityèl mistik ( Jezi di lèn bwè ven sa se san mwen nou bwè lèn manje Pen an se chè mwen nou manje ) sim ta pran pale de nom Nazarèt sa , anpil moun ap kontinye di se avèk espri Bèlzebil li tap opere vre. Telman sal tap fè yo pat nan sans pèsòn.

▪︎𝐀𝐧 𝐫𝐞𝐲𝐚𝐥𝐢𝐭𝐞
Anpil sepa problèm avèk rad ni bag yo gen problèm men avèk nivo Bishop la pran. Okontrè etanke ayisyen tèt grenn nou ta dwe rejwi paske nou gen youn pami nou ki fè pati de pilye de legliz mondial. Ki leve pami lè grand. Joe Biden avèk men li sinye kel rekonèk li kòm yo gran , menm mè nan vil la onore li. Ann onore sila ke senyè a leve.

𝐑𝐞𝐬𝐩𝐨𝐧𝐬𝐚𝐛𝐢𝐥𝐢𝐭e 𝐧𝐨𝐮
Etanke legliz, responsabilite nou sepa kritike. Men priye pou Bondye proteje li, gade li, poul toujou mache nan imilite. Poul konnen Bondye pa onore moun ki gen tit men moun ki responsab. Se lòm ki onore tit. Youn nan pawòl mwen soulinye aprè òdinasyon an. Men ki pawòl Bishop la di :
《 menm sim òdone bishop , men map toujou rete DADDY G 》paskel konnen responsabilite li kòm papa li pi enpòtan ke tit la. Sa te frape mwen fò. Pouli se pran swen brebi yo ki plis priorite li.

Pòs sa pa angaje pèsòn, mwen jis vle pote kèk eklèsisman sou kèk bagay.

Dorvilus Kenny