Se Lopozisyon an ki kenbe Jovenel sou pouvwa a se pa prezidan TRUMP (USA). Se mank preparasyon, divizyon ak lanbi pouvwa ki kenbe Jovenel Moïse sou pouvwa an Ayiti se pa okenn USA bann sanwont, san figi, bann ti soufrisken pouvwa.
Moïse Jean-Charles bezwen reponn kèk kesyon. Tankou Desras, Beauplan, Kelly ak divès lòt ankò.

1. Ki pozisyon nou sou pil ak pakèt dekrè Prezidan Jovenel ap pran yo pandan manman lwa peyi a pa ba l dwa fè sa? (an 2018 nou t ap anraje nan tout medya. jodi a sa ki pase?)

2. Nou di lòt kanmarad lopozisyon yo pa klè. Yo ba nou anpil kou nan do paske yo wè se nou ki ka mete moun deyò donk se nou ki fòs la. Pou kisa nou pa kontinye manifeste pou kont nou pou mande pou Jovenel ale ankò? Nou sonje peyi lòk la? Sa ki fè prezidan Jovenel pat tonbe?

3. Ki pozisyon nou sou G9 an fanmi e alye? Li mwens enpòtan kòm sijè deba? Eske anba anba nou p ap ankouraje Fantom 509 olye SPNH? Etidyan mouri, batonye mouri, militan ap mouri, yo prèske rive sou lidè opozisyon yo, sekirite Youri mouri, sa nou fè ak sa?
 
4. Sa ki fè kan pouvwa renmen nou konsa jodi a? Yo vin pran konsyans se nou ki pi renmen pèp la apre yo menm? Alfredo Antoine, Stanley Lucas vin gen yon sèl lanmou pou nou denkou. Di sa ki chanje?

5. Mwen pa doute sou entegrite nou men, mwen enkyè sou konpòtman nou jodi a. Eske se estraji pou rive sou pouvwa a nenpòt jan n ap itilize? Oubyen se mwen ki pa konprann?

Lopozisyon an gen anpil pou repwoche yo men, gen manm ki ale twò lwen nan lanbi pouvwa a. Beauplan bèbè sa fè lontan, Desras menm sanble kite bato a nèt, Assad genlè lage pyel, mwen pa tande sa menm. Kelly di yo ba li kou nan do.  Barbier tankou yon fig mi depase. Plis yon bann blofè k ap chèche dyòb anba anba.

Definitivman, lopozisyon an se yon pil enmi ki chita bò yon tab? Yon bann moun k ap goumen ant yo menm ankò? Ki altènativ menm? Kot komite ki te monte pou tranzisyon an, pou pasasyon pouvwa a? Rebu te cho ladan? 
Se mank preparasyon, divizyon ak lanbi pouvwa ki kenbe Jovenel Moïse sou pouvwa an Ayiti se pa okenn USA bann sanwont, san figi, bann ti soufrisken pouvwa. Youn pè lòt.

Yon gran mouvman sitwayen se solisyon an. Lanmmèd pou politik. Se sitwayen yo ki pou bay mesye dam politik yo direksyon e non yo menm. Yo pa gen kapasite pou sa. Depi plis pase 25 an y ap voye salami. Nou vin pi pòv, pi depandan, pi soufrisken.

Yvenert Foeshter JOSEPH 
jyvenert@yahoo.fr