Annonce
Home ACTUALITÉS Chanjman nou vle a !

Chanjman nou vle a !

Yon peyi kote nou tout ka viv

Lib e libè

Kote lavi moun ka respekte

Kote tout moun ka travay

Timoun al lekol

Kote ki genyen bon jan swen sante

Li mande sakrifis

Anpil sakrifis

Genyen ki vlel nan bouch

Genyen lòt ki mouri deja pou li

Chanjman nou vle a

Mande pou pale saw wè

Pouw di saw panse epi montre saw kwè

Li mande pou respekte moun

Pouw asepte peye saw dwe

E respekte dwa lòt laaa

Pou tout moun genyen menm dwa

Pou genyen jistis

Pou pa genyen plas pou abi

Pou bouwo jodi pa tounen viktim demen

Pou viktim jodi pa tounen bouwo demen

Li mande pou bani divizyon

Sispann divèsyon ak egoyis

Rekonèt diferans nou

Aksepte yo e tolere yo…

Chanjman nou vle a

Desalinn te vlel anvanw

Li mouri pou li

Anpil gentan pase

Timoun, jèn moun granmoun

Anpil vi gaspiye…

Chanjman nou vle a

Lap vini, lap vini kanmenm

Anpil nan nou swetel

Pifò nan nou pap wèl

Men siw genyen chans pou wèl

Bat pou meritel…!

Camille EDOUARD, Jr.

No comments

Leave a reply Cancel reply

Exit mobile version