Nòt Kontestasyon Pwopozisyon Sitwayèn Pou Soti nan Kriz la (PCSC, PAC, MUDHAH, ROCH, RENAGH, KONSA, SAV, NAPL, FòS NIP ak Alye yo)

Nòt Kontestasyon Pwopozisyon Sitwayèn Pou Soti nan Kriz la (PCSC) Konsènan
Absans Transparans nan Desizyon yo ki te pran 11 Mas 2024 nan CARICOM
sou Sitiyasyon Ayiti

Regwoupman Sosyo-politik ak Pèsonalite ki ini nan Pwopozisyon Sitwayèn Pou Soti nan Kriz la (PCSC) voye bay CARICOM nan dat 11 Mas 2024, ak akize resepsyon, yon dokiman ki prezante pwen kle pou rezolisyon kriz grav ki ap ravaje popilasyon ayisyèn lan nan tout konpozan li yo.

An reyalite, depi mechan asasina Prezidan Jovenel Moïse nan dat 7 jiyè 2021 an,
ki konstitye yon atak kont Leta ayisyen, peyi a ap viv younn nan moman ki pi imilyan nan egzistans li. Gang kriminèl ame yo te dabò federe, apre sa
legalize, e finalman vin ofisyalize sou sèn entènasyonal la atravè yon diskou piblik
delivre pa Madam Helen Ruth Meagher La Lime, Chèf Biwo Entegre Nasyonzini an Ayiti (BINUH).
Gang kriminèl ame sa yo okipe kounye a devan sèn sosyo-politik la an Ayiti nan komèt tout kalite krim atros ak abi inimen kont yon popilasyon sivil san defans, sa ki vin kreye yon dezòd endeskriptib san presedan pou kapab jistifye deplwaman twoup ame etranje sou tè nasyonal la.

An plis de sa, dilapidasyon Leta ak Administrasyon Piblik la, ki depi 9 Janvye make fen manda sèl Reprezantan eli Repiblik la ki te rete yo, fèn ap patoje nan Enkonstitisyonalite twoublant ak absans lejitimite Otorite Leta yo. Akò 21 desanm 2022, ki te sipòte nan pouvwa a Premye Minis eksepsyon an, Ariel Henry ki te nome pa yon tweet de Madam Helen Ruth Meagher La Lime (BINUH), fin itilize tout efè li san li pa pote okenn eleman solisyon a kriz nasyonal la. Prezans Ariel Henry nan Primati Ayisyèn lan pa reponn a okenn kritè konstitisyonèl.

Se nan sikonstans ki pa klè sa yo ke CARICOM konvoke aktè Ayisyen yo pou yo pwopoze fòmasyon yon nouvo gouvènman pou dirije rèn Leta apre enkapasite materyèl Ariel Henry pou l retounen nan peyi a. PCSC pami estrikti enpòtan yo ki voye yon dokiman pou rezolisyon kriz bay CARICOM e li avèti kont tout manèv enjis pou sèvi ak opòtinite diskisyon sa yo pou rezon politik mesken. PCSC denonse tout desizyon ki soti nan diskisyon sa yo ki devye de enterè lejitim nasyon ayisyèn lan ki eksprime nan dispozisyon eksplisit atik 133 ak 149 nan Konstitisyon Mas 1987 la. PCSC an okenn ka pa gen entansyon negosye enterè siprèm peyi a pou ti kal pen pouvwa ilizyon sa.

PCSC rezève dwa lejitim pou pran tout dispozisyon ki apwopriye ak inisye tout aksyon ki dwat pou fòse respè diyite pèp ayisyen an ak rekonesans prensip inviolabilite souverènte nasyonal la. PCSC envite tout lòt gwoup sosyo-politik ak pèsonalite pou yo rejwenn li nan apwòch.

SIYATÈ AKÒ 15 SEPTANM 2021
(propositioncitoyenne.com):

Òganizasyon politik yo:
PAC (www.pachaiti.com)
ROCH
NAPL
MUDHAH
KONBIT POU SOVE AYITI (KONSA)
RENAGH
FOS NIP
SOLISYON AYISYEN VIKTIM (SAV)

Òganizasyon sosyal yo:
AYITI DEMAIN
DEBOUT JEUNESSE
MAN (MINORITY ACTION NETWORK)
DAC (DIASPORA ACTION COMMITTEE)
VWA POPILE
BAZ KAFOU
BAZ 28
NOU KONSYAN
ASOSYASON FANM POU LAVI (ASOFAL)
INITIATIVE DE SOCIETE CIVILE DU GRAND SUD
PLATFOM OGANIZASYON SOSYAL POU EMEJANS KOMINN DISID
INISYATIV FANM ANGAJE DISID
MOUVMAN JEN PLANTE DI DISID
MOUVMAN LIDE DISID
JENES KE PWOP
REGROUPEMENT DES PASTEURS DES EGLISES PROTESTATNTES DU SUD
JADEN

Pou otantifikasyon:

KOMITE EGZEKITIF PILOTAJ LA:

Macsonne POLYTE, Coord. Gnl. (MUDHAH)

Moise GARÇON, Coord. Gnl. Adj. (PCSC)

Ciné WILFORD, Sec. Gnl. (KONSA)

Jean-Baptiste NASCAL, Sec. Gnl. Adj. (BAZ KAFOU)

Dorvil Paul JACQUES, Resp. des Finances (RENAGH)

Dr. Bobb ROUSSEAU, Resp. Rel. Intles

Evens TOUSSAINT, Conseiller Politique (ROCH)

Francillon VRONSKY, Conseil Spécial (AUH-PCSC)

Marc Wood PIERRE, Conseiller Juridique (PCSC)

Gary CASIMIR, Membre (NAPL)

Réginald EXEANT, Membre (FOS NIP)

Djimsline TONTON, Membre (SOFAL)

Hortense FRANCOIS, Membre (PAC)

PCSC: PROPOSITION CITOYENNE POUR UNE SORTIE DE CRISE
Ce collectif a été crée le 25 septembre 2021 et l’accord proposé regroupe une vingtaine de partis politiques et plus d’une trentaine d’organisations de la société civile ou de la diaspora. l’ Acccord de principe a été signé par plus de 10500 haitiens en Haiti et en ligne. Pour de plus amples informations, visitez notre site internet: https://propositioncitoyenne.com/