29 mas 2026 – Nan yon dokiman ki pote tit “Rèl Mwen pou Avèti Pèp Ayisyen an”, ansyen Prezidan Sena ak Asanble Nasyonal la, Simon Dieuseul Desras, voye yon mesaj san filtè dirèkteman bay tout fanm ak gason ki rekonèt tèt yo kòm vrè pitit tè Ayiti. Nan yon moman peyi a ap viv youn nan pi gwo kriz istwa li, Desras mande pèp la pou l pran konsyans, pou l sispann kite egoyis pran devan, e pou l mete kanpe yon dinamik nouvo pou rebati Leta ak Nasyon an.
Yon kriz ki sosyal anvan tout bagay
Pou Simon Dieuseul Desras, kriz Ayiti ap viv la pa se sèlman politik. Li se sitou sosyal. Li eksplike ke si pèp la kontinye rete nan yon lojik pouvwa pwovizwa, li pap janm soti nan “twou san fon” kote li tonbe a. Dapre li, majorite moun jodi a vin tounen egoyis ki ap chèche rezoud sèlman pwoblèm pèsonèl yo, pandan lespri kolektif la disparèt.
“Individyalis pran plas lespri kolektif, e sa fè nou pa ka rive mete fòs nou ansanm ankò pou rebati Leta-Nasyon an, jan nou te fè l 1804,” ekri Desras.
Li denonse tou prezans plis pase 320 pati politik k ap chèche patisipe nan eleksyon tèt anba a, sa li konsidere kòm yon prèv dezòd sosyal ak yon konsekans lè pèp la kite ego mennen l.
Blòf ak manti : Desras denonse akò tranzisyon yo
Ansyen Prezidan Sena a pa pran nan rigolòb pawòl tankou “pwoteje souverènte nasyonal” ki souvan parèt nan akò tranzisyon. Li di se “twonpe lespri moun sòt” e se “yon manti y ap foure nan lalwèt nou.”
Li pran egzanp akò 3 avril 2024 la kote yo te pwomèt Konsèy Prezidansyèl la ap diminye depans Leta. Olye de sa, Desras note gen “gaspivaj, vòl, mank respè pou règ yo.” Li kesyone: “Kijan yon moun ka dirije san li pa menm respekte pwòp pawòl li?”

Sekirite, koripsyon, ak absans Leta
Nan mesaj la, Desras fè yon tablo ki klè sou degradasyon sekirite nan peyi a. “Gen vil ki vide nèt, moun k ap kouri kite kay yo, pèdi tout sa yo te genyen,” ekri l. Li fè remake san sekirite, pa gen estabilite politik ni ekonomik.
Li mande pou yon retounen nan lòd konstitisyonèl pou pèmèt eleksyon lib, kredib ak demokratik fèt. Li denonse tou koripsyon k ap fèt aklè : “Moun k ap fè koripsyon yo pa kache ankò. Yo pran pouvwa san yo pa wont, yo fèmen bouch kèk moun ki ta dwe la pou denonse deriv yo.”
Li kritike tou absans Palman an ki, dapre li, fè ke pa gen bon kontwòl sou depans Leta.
“Ase !” : yon apèl pou met ansanm
Menm si mesaj la se yon avètisman, Desras di l ap pale “pa pou dekouraje” men “pou mande pèp la leve vwa ansanm” pou di “ase !”
Li sonje ke nan 2026, Konstitisyon 1987 la ap gen 39 ane, e li lè pou pèp la pran konsyans gravite sitiyasyon an. “Chans pa bay rezilta sèten. Se konesans ki bay bon chwa. E okenn bon chwa pa ka fèt san refleksyon kolektif.”
Li fini ak yon envitasyon klè : “Ann mete men ansanm. Ann travay ansanm. E objektif nou ap depase tout sa nou te ka imajine.”
Yon rele anmwe anvan l twò ta
Simon Dieuseul Desras, ki te deja okòpe plizyè responsablite nan Leta Ayisyen an, voye yon mesaj ki sanble yon “rele anmwe” anvan l twò ta. Li mande tout Ayisyen k ap rekonèt tèt yo nan istwa ak sakrifis zansèt yo pou yo kanpe, pou yo sispann pase tèt yo nan betiz, epi pou yo mete kanpe yon lòt fason pou fè politik ak pou viv ansanm.
“Tonnè fòk nou kanpe,” ekri l. “An nou sispann pase tèt nou nan betiz, sispann pase pèp la nan betiz, sispann kite y ap pase tè Desalin nan tenten.”




