Kriz konstriksyon kanal sou Rivyè Masak la DEMASKE prezidan Abinader !

KRIZ kanal Ayisyen yo ap konstwi sou rivyè Masak la se yon ti dosye ki repete plizyè fwa nan listwa 2 peyi yo. Malerezman prezidan Abinader ki baze preske tout politik li sou do Ayiti reyaji mal. Se yon dosye diplomatik ki mande diskisyon binasyonal ou byen medyasyon entènasyonal. Men fèmen fwontyè, sispann bay viza, bloke vol epi pèsekite Ayisyen kap viv Sendomeng, elatriye…se yon move presedan.
A travè aksyon sa yo, Prezidan Abinader pwouve gen yon ajanda kache e sitou li reyaji tankou yon timoun kap kriye pou chache atansyon….

Nan moman Ayiti deja gen anpil pwoblem enstabilite politik ak absans gouvènans pou yon swadizan lidè ki tap mande adwat agòch pou yo bal chans pou ede pote solisyon…reyaksyon sa yo pwouve Abinader pa dwe janm enplike direkteman nan demach pou solisyone kriz politik an Ayiti…
Li klè veritab pwoblèm nan se paske kèk gwoup dominiken pa ta renmen gen twòp konpetisyon fas ak pwodwi yap vann sou mache Dajabon nan….depi gen kanal kap devlope jaden, pwodiksyon nasyonal la pwal ogmante, pil pwodwi dominiken yo pap vann menm jan….

Eske Abinader tap pran desizyon radikal sa yo si te gen 10% Dominiken ki tap antre sòti Ayiti chak jou ou chak semèn ?

Se domaj sèlman pèp Ayisyen pa souvan itilize sa yo gen nan men yo kòm fòs pou reziste. Jenerasyon sa yo plis renmen pale anpil, plenyen ou byen kouri pati san destinasyon…
Jodia fòs peyi Dayiti se plis pase 12 milyon moun kap konsonmen matin-midi-swa. Yo bezwen tout bagay modèn epi yo vwayaje anpil…
Loske moun wap ede vin rich ou rete rich pa respekte w leson ou ka ba yo se SISPANN KONSOME!
Achte lòt kote, imigre ou vwayaje lòt kote…jiskaske yo aprann VALORIZE W!
Nou pase anpil lòt peyi kote yo pa renmen nou, men yo aprann tolere nou paske yo renmen swa fason nou travay ou fason nou konsome!

Pèp Ayisyen, sispann negosye DIYITE W!!!

BatonMoyiz
#betterhaitians
#betterhaiti