Refleksyon pèsonèl sou atak kont Vodou

Mwen se yon kretyen evanjelik ki gen anpil eksperyans nan lavi legliz. Mwen kapab di mwen se “enfant de la promesse” (nan langaj pwotestan yo). Mwen konnen konpòtman pwotestan trè byen. Jodiya mwen se Dyak, Sekretè Jeneral epi Sirentandan Lekòl Dominikal nan legliz kote mwen afilye nan Queens (New York, USA). Mwen fyè poum preche Levanjil paske se yon mesaj lanmou, jistis ak transfòmasyon total ki pa sanble ak okenn lòt mesaj.

Mwen konstate yon kanpay malveyans kont Vodou ak vodouyizan kap devlope agresivman sou rezososyo. Mwen panse se yon grav erè si kretyen pwotestan ayisyen mete nan tèt yo ke yo kapab konbat Vodou ak yon mesaj ki chita sou mechanste, denigremam ak vyolans sikolojik, moral oubyen vèbal ki pa jistifye.

Mwen rete kwè ak fèm konviksyon mesaj kretyen yo dwe toujou montre lanmou Kris la pou tout moun. Jodiya li pi fasil pou yon pwotestan montre lap konbat vodou olye li chache mennen yon lavi apa pou Bondye tout bon vre.

Atak kont Vodou, Katolik, Islam ak Franmasonri se pa predikasyon Levanjil. Se travay Satan ki toujou vle divize moun ak moun sou baz relijyon depi lantikite.

Tout moun kap denigre yon lòt relijyon pou li pase pou pi bon se pa yon kretyen. Se yon malfektè ak Bib. Sa mwen di la se verite!

Bondye rekonèt chak moun gen dwa fè chwa yo vle ak tèt yo paske gen konsekans pou tou bagay ki pa ale nan sans volonte li. Bondye pa janm mande kretyen pou itilize mal kont mal. Pi gwo zam kretyen an se lanmou.

Vodouyizan se pa enmi kretyen. Enmi kretyen yo se Satan, peche, enjistis ak lamizè. Se bagay sa yo Kris te toujou denonse, atake epi konbat ak Lapawòl. Se bagay sa yo tou nou menm kretyen jodiya dwe konbat nan pwòp fonksyonman pa nou ak nan mond la.

Si yon kretyen gen pwoblèm ak yon vodouyizan, yon katolik, yon mizilman oswa yon franmason se lajistis pou li ale rezoud pwoblèm sa. Se pa sou do Levanjil. Si lajistis paka rezoud pwoblèm nan se nan lapriyè pou li ale devan mèt li ak pwoblèm sa. Se pa sou do Levanjil pou li monte pou lap sal lòt moun epi sal repitasyon Legliz ak Levanjil.

Kè nou dwe chanje avan nou mande lòt moun pou yo chanje. Si pa gen lanmou nan kè nou mesaj Kris pap ka soti nan bouch nou.

Nan non Lesprisen an mwen voye lanmou Kris la ak limyè pawòl Bondye sou Haiti.

Amen! Amen!

Me. Marc Wood Pierre, Av